Kanmarad MTVAyiti mwen yo,
Angajman mwen bò kote nou depi plis pase 2 zan se manifestasyon lafwa mwen nan kreyasyon yon sosyete kote chak Ayisyèn, chak Ayisyen kapab jwenn chans reyalize rèv li. Se prèv tou si nou marye fòs tout pitit peyi a ansanm nou ka rive sòti nan trajedi mizè, kòripsyon, chomaj peyi nou plonje depi yon bon bout tan. Mouvman nou an se chimen limyè pou nou tout, kèlkeswa koulè po ou, kote w abite, kote w fèt, trajektwa pèsonèl ou, pou nou mete men epi oryante desten peyi nou. Nou ka reyisi pari a ansanm.
Mesaj, apèl ak jès solidarite anpil nan nou ban mwen fòs pou mwen kontinye batay la. Batay nou an se pou nou rebay peyi nou diyite li, pou dyaspora a repran konfyans nan Ayiti epi pou jenn gason, jenn fanm ak tout mas defavorize yo jwenn lespwa pou yo viv nan peyi yo. M gen fòs pou mwen goumen. Mwem gen kouraj pou mwen konstwi avèk nou yon lòt Leta. Jodi a, gen twòp moun ki kwè nan MTVAyiti, kòm dènye chans pou nou rebati peyi a pou nou ta bat ba devan move zangi yo.
Modèl sosyete miwomiba sa, sosyete ki bati sou esklizyon sa dwe reyòganize. Dwe gen yon lòt modèl òganizasyon sosyal. Men atansyon, fòk nou vini ak yon lòt sosyete ki pa chita sou kesyon koulè tou. Esklizyon ekonomik / sosyal ak politik pa gen plas li nan yon sosyete ki vle pran chimen modènite.
Se vre nou nan yon sosyete kote inegalite ap taye banda, men nou pa ka vle ranplase sosyete tètanba pa yon lòt sosyete k ap preche esklizyon. Fòk nou rive konstwi yon sosyete kote tout moun kèlkeswa koulè po yo ka viv tankou moun. Yon sosyete kote nou ka pataje richès yo pou tout moun viv nan byennèt.
Batay pou libere Ayiti a ap long. Mete lòd nan administrasyon piblik la ak lan finans peyi a, konbat kontrebann, bay pouvwa jidisyè a endepandans li, demokratize kredi nan peyi a se pa p batay fasil. M pa p janm febli nan detèminasyon m pou chanje lavi pèp ayisyen an.
Pwochen jou, semèn e menm mwa k ap vini la yo pral difisil anpil. Sitiyasyon ekonomik antrepriz yo ak sitwayen yo ap degrade chakjou pi plis. Nou dwe toujou pare pou nou fè sakrifis pou defann sa Mouvman nou an charye kòm valè, angajman ak vizyon li ki se vizyon nou tout.
Mwen konte anpil sou detèminasyon, militans ak lafwa chak grenn nan nou pou bati Ayiti tounèf nou reve a.
Kenbe fè m. N ap #RESET Ayiti.
Yon konba ret yon konba!
Patriyotikman.
Dr. Pierre Réginald BOULOS
Prezidan MTVAyiti